Yon 29 Nov konsa an 2008, @barikadcrewofficial drop 2è albòm li Jiskobou sou Plas Jeremi, akoz Musique En Folie t cancel...Twòp moun debake, Vantsiyati a ranvwaye jou sila. Absans 3 Gran MC yo, K-Tafalk / Dade / Dejavoo, t peze lou sou pwodiksyon albòm sa, ki c 1 apwòch mwen hardcore men pi komèsyal ke GPSK...malgre yo t sou gran chòk trajedi 15 Jwen an, Rapè yo arive akouche 1 zèv ase kolosal. Si nap konsidere de mega hits tankou Pi Cho, Met Kapòt, Respekte Sa, Mwen Renmen Madanm Mwen, Virus, Ayiti Pirèd, Nou Fyè, Tèt Frèt, nou k di te gen groove ak vibe pou tt moun. Tout Crew a t remotive aprè akèy emouvan, chalere ke gran piblik la, fân enkondisyonèl yo t ba nou nan Konsè Rekò, Mitik Comeback 17 Okt Henfrasa a. Se sou mm elan sa nou tou fè Toup Pou Yo, nou konn rès istwa a deja... Mèsi tt moun pou Bèl Moman Inoubliyab sa yo, pou Lanmou, Pasyon nou jwenn san limit sa yo. Anpil Respè pou nou! #BCJiskoubouAlbumRelease #11thAnniv https://www.instagram.com/p/B5dxzXABFQC/?igshid=11xh1lmdl3cbd

















