Pyè nan ren Kisa ki pyè nan ren an? kijan'l manifeste? koman'w ka evite gen ti wòch sa yo nan ren'w? Maladi a rele Pyè nan ren (Lithiases renales osinon calcul rénal nan lang fransè). Pyè nan ren an se yon bann ti sibtans ki tankou woch ki fòme sitou andedan ren an, tou depan de gwosè yo, yo konn elimine san menm bay okenn sentom, men lè yo gwo yo koze gwo pwoblèm ki ka angaje lavi'w, wòch sa yo konn fòme tou nan itè (uretère) ou ki se kanal ki mennen pipi a nan blad pipi ou, oubyen li fòme nan blad pipi a menm (vessie). Ou souvan jwenn li kay gason (3 gason pou 1 fi), moun ki nan espas 20 a 60 lane, men ka sa yo plis repete nan 40 lane a. Wòch sa yo se rezilta sèl miniwo ak asid ki gen twòp konsatrasyon nan pipi'w, lè wòch sa yo twò gwo li vinn paka pase nan kanal sa yo ki responsab mennen pipi a nan blad pipi a, lè yo konsa ou gen gwo doulè a koz pipi a ki paka pase, kote si yo pa mennen'w lopital pou pran swen rapid lavi'w menase. Ki siy ki konn genyen kay moun sa yo: 1) wap pipi degoute, oubyen doulè lèw ap pipi, fòse pipi 2) Pipi a lè li poze li fè yon depo kal anba veso oubyen vaz la 3) Koulè pipi a konn pa nòmal, oubyen li gen san ladan'l 4) Gwo doulè anlè senti'w nan ba do'w, doulè a konn yon sèl bò si se yon sèl ren (sa doulè sa lè'w paka sipòte'l se kriz li kap mennen'w lopita'l) 5) ou ka gen fyèv, frison, vomisman,kè plen, ou pa gen pozisyon pou met kò' ak doulè a Ki faktè ki ka favorize'w gen wòch nan ren: Faktè ki depann de manje ou konsome -Pwodwi ki gen lèt, pwodwi animal (tankou vyann), sèl -Manje ki gen anpil okzalat (chokola, te,epina, fri ki sèk) -Sik - Manje ki pa likid ak diminisyon dlo nan sa wap manje Lòt faktè tankou (infeksyon nan aparèy pipi ou, kek maladi ou eritye de paran'w, ekilib sibtans ki nan san'w pa fèt sa nou rele PH la,maladi ren ke'w fèt avèk yo tankou lè 2 ren'w kole), kek medikaman ki konn paka elimine (pa rive souvan) Kijan pou prevni'l epi pwoteje ren'w; bwè anpil dlo, pa tann ou swaf pouw bwè dlo, konsome mwens pwodwi lèt ak animal, konsome plis fwi frèch, manje ki gen likid ak fib tankou legim, mwens aliman ki gen pwoteyin ak bwason enèjetik tankou towo ragamann ekatriye, konsome mwens magi. #etiennelouisjuste #AFSE https://www.instagram.com/p/CkrWcSzrEX8/?igshid=NGJjMDIxMWI=