🥰 Bon Makaya! 🙏🏾 💞
🌟Nan peryòd n ap viv kounye a, mwen kwè fèm se nan pwofonde rasin nou pou nou chèche fós enèji vital nou epi konnen ki sa pou nou fè pou nou viv tout bon prensip Tout Moun Se Moun, pou nou kadanse lanmou ak respè pou ekilib epi amoni alawonnbadè.
Nou bezwen rasanble nan tèt ansanm tout bon, kase tout kòd divizyon pou nou rekonèt pwòp tèt nou. Gen prensip zansèt nou yo te mete anplas, nou bezwen rekonèt, pou ede nou fè chemen an, tankou nou jwenn nan tèks 12 Prensip Bwa Kayiman (www.kadansenou.com/prensip-bwa-kayiman.html).
12 Prensip Bwa Kayiman montre rigè baz otodetèminasyon Ayiti kòm chèfmèt, chèfmetrès tèt li. Eske li ka ede nou simante yon tèt ansanm tout
Sezon Makaya se yon bon moman pou nou l’ouvri kè nou tounèf.
« Makaya se fèt fèy, se fèt pou selebre viktwa limyè sou tenèb ki soti nan yon evénman astwolojik "sòltis ivè". Nan tradisyon an depi 21, 22, 23 Desanm rive chak moun chwazi yon jou pou lave lakay yo ak fèy, granmoun mete timoun kanpe nan kivèt pou benyen yo ak divès kalite fèy nan bwa swa pou retire devenn kòde oubyen rale chans. »
« Makaya fete soti 21 Desanm pou rive 6 Janvye. Li respekte yon espas ki demare 21 Desanm nan pou rive 15 Mas; yo rele l "sezon Makaya". Li mete bout ak gede ki fini 20 Desanm. »
Bon Makaya! Se ekspresyon vodouyizan nan plas "Joyeux Noël". Tout Ayisyen fete Makaya nan yon sans oubyen yon lòt, li mèt te konvèti nan ne
🌟 BON MAKAYA! 🙏🏾👊🏾✊🏾🤗💞💯💫













