"Youn nan moman fò premye jou gra yo nan pòtoprens! Apre desizyon komite a te pran pou fèmen pakou kanaval la nan zòn 2zè nan maten jan sa te prevwa, Don Kato te chwazi desann cha Brothers Posse a pou l ale jwenn fanatik li yo sou beton nan lide pou fè rès pakou a sou 2 bitchelo yo pandan yap chante refren ki te pi fasil nan mereng 2018 benn nan: “Bare yo-bare yo-bare yo-bare vòlè yo pou mwen”. #touthaitinews #touthaiti #radiotouthaiti #haitikanaval2018 #donkato #barévolè #bareyobareyo Sylvain Xavier











