Ji pòm pou dyare Dapre espesyalis sentòm dyare yo se: poupou dlo, gwo doulè nan vant, enflamasyon. San kontwòl pou ale nan twalèt, lafyèv, kè plen, e menm san nan poupou a. Si w vle goumen ak li, eseye ji sa a, prensipal engredyan l se pòm. Fri sa gen fib pou aktive dijesyon, ede kò a fè fas ak enfeksyon epi frennen dyare a natirèl. #Engredyan ◾4 pòm wouj ◾1 bout kanèl ◾1 lit dlo 2◾kiyè sik wouj #Preparasyon Mete dlo a bouyi ak pòm yo rache epi kanèl la, lè pòm nan mou. Etèn dife a epi retire kanèl la, lèl fin frèt blende pòm nan ak dlo a. Bwè yon tas nan maten, youn lannwit. Nou espere remèd sa itil ou. https://www.instagram.com/p/B-DgQmggOHu/?igshid=ra07mtdlp5u3











