✔️Remèd natirèl pou retire vèjeti (Mak pitit): Anpil fanm toujou gen pwoblèm sa , yo konn wont benyen nan lanmè, tout kò yo chaje yo konn santi yo wont, #RemèdFèy pote you remèd pou Moun ki gen mak pitit sou kò'w (vèjeti) Mak pitit oswa vèjeti se konsa yo rele mak ki konn sou po kò yon fanm. Mak sa fè kò fi'a pa bèl e gason ki konn ap fè espò tou konn genyen yo,Men kijan'w kapab retire vèjeti yo sou ou . ▶️ Engredyan : Wap jis pran yon grenn zaboka , you ti siwo myèl epi kèlke grenn sitwon . Wap graje grenn zaboka'a (atansyon se pa pati'w konn manje nan zaboka'a) ,ou melanje'l ak siwo myèl la epi ou pire sitwon'an ladan'l . Lap vin ba'w yon melanj ki molas (trè lyan) . Epi'w ap pran you Gan wap pase'l kote ou gen mak pitit yo ,wap kite'l fè minimòm 20 minit aprè ou benyen ak yon dlo tyèd (dlo'a pa dwe twò Cho, ni twò frèt). Wap fè sa 3 a 4 fwa chak semèn, Jis tout mak yo efase Konsa tou'w kapab itilize plant nou rele #Lalwa li amè anpil wap jis kale lalwa , epi pati blanch lan, wap pase li sou yo pandan 3 a 4 fwa nan semèn lan jis ou wè mak yo ale. Remèd sa yo valab ni pou fi, ni pou gason gen anpil lòt medikaman natirèl ou kapab prepare pou'w trete mak pitit paske tout fanm renmen lè ti po yo swa e gason tou renmen karese kò swa , san tach. Pataje'l pou'w kapab kontinye jwenn lòt remèd natirèl pou lòt maladi tankou Fibwòm ak Kyste. Wap jwenn pwocho remèd la aprè 1000 Pataj ! Pataje remèd yo pou ede lòt moun malè a lòt Moun ki fè Moun peye pou remèd sa yo ke nou pibliye Gratis la. #etiennelouisjuste Pataje O Maximum https://www.instagram.com/p/Ck8nSneLmSF/?igshid=NGJjMDIxMWI=