Lendi 20 avril la, Enjenyè-Agwonòm Fresner Dorcin minis agrikilti a, enstale Arnoux Séverin, enjenyè-agwonòm, nantèt Direksyon Pwodiksyon Vejetal Ministè Agrikilti, Resous natirèl ak Devlopman Riral la.
Seremoni an te dewoule nan prezans Direktè jeneral ministè a, Enjenyè-Agwonòm Elie Charles, chèf kabinè minis la, Enjenyè-Agwonòm Carl Mondé, kèk lòt manb kabinè ak kèk lòt kad nan ministè a.
Anvan sa, Arnoux Séverin, ki se yon pitit Damyen, te pase plis pase 3 lane, 3 mwa, 3 jou kòm Direktè Depatmantal agrikòl Lwès. Séverin (Nou pa dwe konfonn li ak gran frè a ki te minis), se yon teknisyen anpil kad nan ministè a gen anpil respè pou li, pou senplisite li ak kouraj li.
Dapre yo, si gen yon agwonòm ki pa sèlman rete nan biwo ap friz, se Arnoux Séverin li tap rele. Si` w pèdi`l, se sou teren pou rejwenn li.
Arnoux Severin te okipe tou plizyè lòt pòs tankou Direktè Pwogram Anviwonman Transfwontalye (Ayiti-Sendomeng) epi li te chèf sèvis Defans ak restorasyon tè nan ministè agrikilti a.
Séverin ranplase nan pòs Direktè Pwodiksyon vejetal la, agwonòm Marcel Augustin ki pran retrèt li.
Arnoux Séverin, nouvo direktè Pwodiksyon vejetal Ministè Agrikilti Lendi 20 avril la, Enjenyè-Agwonòm Fresner Dorcin minis agrikilti a, enstale Arnoux Séverin, enjenyè-agwonòm, nantèt Direksyon Pwodiksyon Vejetal Ministè Agrikilti, Resous natirèl ak Devlopman Riral la.