"Ayisyen frèm ak sèm, Sektè kiltirèl Ayisyen Pou Ayiti SKAPA ap òganize yon gwo kokenn chenn espektak nan jou kap 16 Oktòb lan nan Ritz kinam 2, soti 10 zè nan maten pou rive jous 10 zè nan aswè. Espektak saa ap fèt ak patisipasyon plizyè atis ki soti tout kote. Se pou yon kòlèk lajan ak tout sa'w ka bay pou ede kèk nan sila yo ki afekte pa pasaj siklò'n Matye. Nap tann patisipasyon ak sipò chak grenn moun pou ede frè'n ak sè'n yo. Atis ki ta renmen pote patisipasyon pa yo ka kontakte SKAPA nan (+509)-37342469. An nou tout fè yon sèl pou Ayiti ka vi'n miyò !! #SKAPA #Sengage #senoukipoufèl #Mikaben #potekole #Temptation












