VERITE SE YON MOUN! Lik 8:24-25 Yo pwoche bò kot Jezi yo souke l', yo di li: Mèt, Mèt, se mouri n'ap mouri wi! Jezi leve, li pale byen fò ak van an ansanm ak lanm lanmè yo: tout bagay vin byen trankil, yon gwo kalmi fèt. Epi Jezi di yo: Kote konfyans nou ye? Men, yo te pè, yo te sezi. Yonn t'ap di lòt konsa: Ki moun li ye menm? Li kòmande menm van ak lanmè, yo obeyi li. Verite se yon moun, se pa yon konsèp. Jezi te di Li se laverite (Jan 14:6). Sa vle di; ou pap janm konn verite sou sikonstans ou yo toutan ou pa tande Jezi an premye. Disip yo te panse yo tap mouri nan tanpèt la. Se pechè yo te ye, yo te abitye ak move tan sou lanmè, yo te konnen nan ki kondisyon yo te ye. Yo te kite sikonstans yo konvenk yo ke “VERITE” a pat lòt lanmò san mank. Men yo te nan manti, VERITE a tap dòmi pa dèyè a nan ti kannòt la! Puiske kèk nan disip yo se te pechè yo te ye, yo te kwè nan pwòp ekspètiz yo ak sajès yo olye yo te rekonèt ke se sèl Jezi ki konn verite sou sitiyasyon yo a. Pafwa, konesans imèn nou nan kèk domèn lavi a konn avegle nou kote nou pa menm wè nan dezespwa nou plonje yo, nou bezwen yon mo ki soti nan sous verite a. Lè Jezi te pale, disip yo te wè vrè verite sitiyasyon yo a. Te gen yon kalm total sou lanmè a. Disip yo te konn wè Jezi kap fè lòt mirak, men yo potko temwen pouvwa li sou lanati nan dimansyon sa a. Souvan nou menmjan ak disip yo. Bondye ka fèk sot demontre nou pouwa’l nan yon fason ekstraodinè; nou te ka fè eksperyans ak anpil viktwa espirityèl nan pase nou. Poutan, lè yon sitiyasyon tèrifyant vin sou wout nou, nou panike e nou rele: “Mèt sove nou, se mouri nap mouri!” Bondye ap fè nou sonje ke li gen kontwòl sitiyasyon yo, epi nap tou aprann konnen’l pi plis nan sitiyasyon difisil yo. Èske’w vin pi krentif olye ke’w ret konfyan? Si wi, ret tann yon blam nan men Mèt la, paske lap ba ou’l pou’w repran konfyans! Li gen kontwòl sitiyasyon yo! Leve fwa’w piwo ke tout distraksyon yo ak fristrasyon yo! Ps: se sèl fason mwen ka dekri rankont ak @muje.rdiamante nan tanpèt distraksyon ak fristrasyon m yo! #VERITEseYonMOUN #exitministry #YonSèlMoSifi #soaringeagle https://www.instagram.com/p/COwN670lVKp/?igshid=ts5whmypwnz5