.......................................................................... *Plateforme Santé Haïtienne* *Ap prezante w* *RIBRIK SOU LASANTE* .......................................................................... *TIT LAN SE: KISA FIBROM YE?* Nou envite w apiye sou pati an ble a pou ka al abòne ak chanèl YouTube nou an 👇 https://m.youtube.com/channel/UClk9HPijNtPVVcVx7Hw1G4g ◾Facebook: Plateforme Santé Haïtienne ◾Twitter: p_santeayisyen ◾Instagram: Plateforme Santé Haïtienne .......................................................................... Gen anpil moun ki konn maladi a, men yo pa janm konn sa li ye vre. Li se yon timè Benign( ki pa kansè) li pi komen nan fi, youn sou 4 fi ka genyen l. Pifò moun ka genyen l pa gen sentòm, sèlman 10, 20% ki bezwen tretman. Ki siy ou dwe konsidere? Laj yon moun ka genyen l se nan 30 lane pou rive 40 lane, menm si ka parèt anvan sa. Yo depann anpil de òmòn yo, se poutèt sa li difisil pou yon adolesan. Oubyen yon moun ki nan menopoz genyen l. Li pa enposib pou w wè lap grandi nan moman gwosès. Gwosè yo ka varye tou piti jiskaske yo pran tout vant lan. #Sentòm Sentom ki pi komen yo se: 🔹Chanjman nan règ 🔹Li vide plis 🔹Li dire plis 🔹San koule nan moman ki pa gen règ 🔹Doulè pandan règ la 🔹Pandan relasyon seksyèl 🔹Nan basen an oubyen anba vant lan 🔹Anemi 🔹Opresyon 🔹Pipi souvan, men pa anpil 🔹Konstipasyon Relasyon ak gwosès 🔸Fètilite 🔸Esterilite 🔸Avòtman, nesans anvan lè #Dyagnostik Dyagnostik la fèt nan istwa klinik ak egzamen jinekolojik, ak lòt etid tankou ekografi elatriye. #Tretman Sa depan ki kote l lokalize l, sentòm ak gwosè l. Si fibrom nan piti, li pa grandi se jis yon kontwòl jenekolojik pasyan ap swiv. Si ak tan yo wè l ap gwosi, li kòmanse ap bay sentòm. La yap bay moun nan medikaman pou yo ka redwi gwosè a anvan operasyon. Lè matris la vin twò gwo, medikaman pa fè anyen, pi bon tretman nan moman sa se operasyon. Yon fi ki preske rive nan menopoz li pap bezwen tretman paske l pap nwil anpil. .......................................................................... Pou enfòmasyon, ak sijesyon oswa sipò ekri nou sou *WhatsApp 509 47 96 8954. (à Croix Des Bouquets) https://www.instagram.com/p/B7xLnfFAHjF/?igshid=1ptgnx1hn4ikc















