’KAP ‘’ AYITI NAN LANE 1934 TEKS: MARIO DE VOLCY BON DIMANCH !!! Jodi Dimanche lan, moral mwen trè ba la-a, sitou se nan preparasyon pou mwen ale AYITI, nan antèman JOE DAMAS. Tout bon vre, se yon KAP mwen anvi monte, pou mwen ka fè yon bon Terapi. Kòm JOE toujou di ''Garder le Sourire'' menm jan ak TI Gason kap ri-a la-a, ak tout inosans li, se konsa mwen ta renmen ye la-a, bò yon Plaj, avèk yon bèl Kap, yon Kap ki Ekri ''TI ASSON "" pou' m wè lap Vole, ak yon Gwo BOBIN FIL (Ambassadeur te gen'w 'Cerf Volant '' EPA ''Monte nan Lalin, M-oblije debobine, 2 bobinn Fil, pou te fèl Rive , Pascal ta Bobine,Mario ta Bobine etc…..) pou li ka ale lwen, pou ke Kap la byen long. Mwen tap mete yon bèl JILÈT '' Chandra'' la dan-l, pou vakabon ak GRANDOU k-ap vin ban mwen pwoblèm. Epòk KARÈM nan se Bon epòk Kap. Kap te kon’n Van’n 10 kòb, 50 kòb, jiska 1 goud, 2 goud. Kounye-a gen KAP ki Van’n jiska 200 goud, Kap sitou ak koulè Barcelone e Foto Neymar ou Messie, ou jwen kap ak koulè Real Madrid ak Foto Ronaldo. Se gwo zafè Papa!!! Gen yon bon ti zanmi nou, lè nou te Piti ki rele KODO, Claudel Dor, pitit Ferdinad Dor, Gran Frè ''KIKI ak PAPOUCH, nan pwen nèg te fò nan fè KAP konsa, li fè tout kalite fòm Kap, menm Kap an BALON. Foto sa-a gen 83 zan, mwen renmen Foto-a anpil, e mwen renmen abiman patnè a Chapo'a. Antouka, Ti gason-an gen yon Bèl Kap nan men li la-a. Nèg ki fè Kap sa-a Konn sa lap fè wi!!! Kap la pral jwen Bon Jan Van, sou Plaj la. Kè Ti Gason an Kontan !!! Se sa-m ta fè la-a pou Jodi Dimanch lan!!! Monte yon KAP !!! TCHAW TCHAW….!!!!! ~ Mario DeVolcy #HAITI ☆#LEGENDS #MarioDeVolcy #haitilegends #JoeDamas #joedams #tiason












