DEBA PREZIDANSYÈL
Mezanmi, ayèwoswa menm jan ak anpil nan nou, depi anvan 8è m te deja enstale mwen devan televizyon ap tann difizyon premye deba prezidansyèl avan eleksyon 9 oktòb yo, ki te òganize sou lobedyans GIAP. Tankou tout sitwayen konsekan, m enterese anpil sou sa k ap fèt nan peyi m. E m kirye anpil pou m konnen kisa sitwayen fanm kou gason ki pwopoze tèt yo pou gouvène peyi a pandan senk (5) lane kap vini yo genyen nan djakout yo. M pase yon bon ti tan ap zape avan m tonbe sou yon chèn televizyon k ap pase deba a, paske laplipa chèn pa t komanse nan lè yo te di a, m panse sa bezwen korije ; li ta enpòtan pou n kòmanse chanje rapò nou ak lè (temps) isit an Ayiti. Nou pa p twò rete sou sa. Mwen gade deba a nan kòmansman jiska lafen. Mwen swiv ak atansyon entèvansyon chak kandida. Avan m fòje opinyon m sou deba a an jeneral epi sou chak kandida an patikilye. Pou kòmanse, tou le 5 kandida yo rate prezantasyon an. Apre deba a, si yo te mande m kiyès ki fè kisa pami yo m pa t ap ka reponn. Nan prezantasyon an yo te plis ap fè pwopagann ak ajitasyon olye yo te fè sa yo mande yo a: di kiyès yo ye. Se yon gwo fay m revele lakay mesye dam yo. Tèm yo Te gen 3 tèm kle ki te genyen anndan yo divès sou tèm ke gwoup k ap òganize deba a te defini pou kandida yo te entèvni. 3 tèm sa yo se te : 1) Kreyasyon richès ak travay. 2) Sèvis sosyal de baz, finansman ak estrateji. 3) Bon gouvènans (refòm leta, jistis ak sekirite epi zanmitay ak letranje). Janm di nou, chak tèm sa yo te gen divès ti tèm anndan yo, tankou pou kreyasyon richès ak travay la, se sou tèm politik agrikòl, fonsye epi politik agrè ak elektrisite finansman e strateji epi pol devlopman ki te soti nan tèm sila a. Anplis kandida yo pa di anyen serye sou tèm nan ak tout sou tèm yo, m te sezi wè se yon sèl kandida, ki pale de enèji altènatif - ak tout feblès li-, alòske enèji altènatif, enèji vèt, enèji pwòp se bagay sa yo k ap fè aktyalite nan mond lan jounen jodiya. Sa montre nou anreta. E yo deja fèmen pòt lekòl modènite a sou moun ki anvi dirije nou yo. Pou dezyèm tèm nan ki se sèvis sosyal de baz, finansman ak estrateji, sou tèm ki te retni yo se sante ak planifikasyon familyal epi dlo potab, asenisman, elatriye. La a, kandida nou yo pèdi nèt. Yo divage, yo delire, youn pa di anyen serye sou kesyon yo te poze yo a. Okenn nan kandida yo pa gen yon plan, ki byen klè nan tèt yo osnon nan pwogram yo pou te prezante popilasyon an sou zafè planifikasyon familyal. Alòske popilasyon an pa sispann ogmante san kontwòl. Se grav. Yo tèlman pale pou pa di anyen, yo arive di sa yo pa t dwe di. An reyalite yo di tout kalte pawòl, sof yon bon koze. Lòt pwen yo menm m pa menm bezwen pale de yo. Paske m estime ladan yo mesye dam yo fè zewo. Pou twazyèm tèm nan ki te gen pou sou tèm, amenajman teritwa ak ibanizasyon, konstitisyon, palman ak pati politik epi politik enklizyon : fanm ak gason + kreyòl. Nan entèvansyon kandida yo, m pa satisfè. E se pa mwen sèl. Okenn kandida pa rive konvenk mwen nan youn nan sa m site pi wo a. Ou santi moun yo pa gen anyen pou di, se wè yo wè yo la. Kòm bagay la s on gagòt, yon jwèt aza, yo vin tante chans pa yo men yo pa gen anyen, absoliman anyen serye pou pwopoze moun yo anvi dirije yo. Dayè yo pa menm metrize reyalite moun sa yo. Sa nou ka espere? Remak mwen fè, sèke dyaspora a te gran absan nan deba a. Li klè : nou pa kapab konsevwa devlopman peyi a san dyaspora a. E nou dwe sispann konsidere dyaspora a kòm yon senp pou m pa di yon vilgè kontribitè nan ekonomi peyi a epi anyen ankò. Nou dwe pito abòde devlopman peyi a nan yon dinamik enkliziv ak dyaspora a. Kiyès ki pa konnen konbyen transfè lajan ki soti nan dyaspora a reprezante nan ekonomi peyi a? Leve ti dwèt anlè. Se anviwon 2 milya dola ameriken, ki reprezante 21 % nan PIB nou. (Sous Bank Mondyal) Lòt konsiderasyon Egzèsis ayèwoswa a, kwak li gen tout enpòtans li, te tout bagay sof yon deba. Pa gen deba san entèraksyon. Dayè se sa ki karakterize yon deba, posibilite pou echanje, diskite, defann epi pwopoze. M pa t remake sa ayèwoswa. Yon lòt bò, mwen estime te gen twòp kandida. Yon deba a 5 - 6 kandida t ap toujou difisil pou òganize epi reyalize kòm sa dwa. Kantite kandida yo fè li t ap toujou yon sesyon kesyon repons olye se yon deba tout bon. Sepandan, kèlkeswa sa w ta repwoche egzèsis ki te fèt la, li rete yon bèl egzèsis demokratik. Li itil. Li plizoumwen montre nou kote nou ye. Paske gen yon pratik k ap devlope depi kèk tan nan zafè politik pa bò isit, sèke eslogan vle ranplase pwogram. Sa k te fèt la montre eslogan pa pwogram. Yon kandida pa t kapab pase anviwon 3è tan ap repete eslogan nan sak t ap fèt la, fòk ou te di yon bagay anplis. Se deja pozitif. Men fòk nou raple nou tou ke pa gen twò lontan depi nou komanse ap pratike deba nan zafè eleksyon an Ayiti. Kidonk ap toujou gen bitay e se ak le tan y ap korije. Pou fini, m pa soti ak anyen nan deba a. Pa gen okenn pwopozisyon ki fèt, pa gen anyen serye ki di. Okenn pwogram pa prezante. San konte enkapasite lidè yo pou eksprime yo ak metòd sou diferan sijè yo. M pa satisfè ditou. Gen moun ki di, se yon espektak tris, gen lòt ki di se yon "perte de temps", gen lòt menm ki estime youn nan kandida yo pa vo lòt. Men mwen menm m di sete yon bèl egzèsis. M pa regrete m te gade li. Kounya, boul la nan pye pèp ayisyen an. Gen sila yo ki di, jan bagay yo ye a, tankou pwovèb franse a di se : «choisir entre la peste et le choléra», men fòk nou chwazi kan mèm. Majorite ayisyen bezwen yon job pa vre? Ebyen vote se premye job ou, fason w akonpli job sa a ap detèmine si w merite yon lòt job ou pa. Chwa wap fè jodiya ap gen gwo konsekans sou kijan ou menm, fanmi w ak konpatriyòt ou ap viv demen. Ke w vle l, ke w pa vle l. Alò pa bliye : tande, analize, kesyone avan w vote. ©Grégoryleroi














