Direksyon Imigrasyon anonse rekòmansman pwodiksyon paspò ak livrezon plis pase 11,000 dokiman
Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon (DIE), nan tèt kole ak Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal (MIKT), fè popilasyon an konnen gen 11,770 paspò ki te bloke pandan pwosesis kontwòl kalite yo kounye a ki pare pou livrezon. DIE anonse pwodiksyon paspò yo ap rekòmanse nòmalman apati lendi 26 dawou 2024, ak yon metòd amelyore ki vize pou ogmante efikasite ak akselere pwosesis la. Tout sèvis…










