Jefò ap fèt pou remonte kò a
Yon Ayisyen ki gen anviwon 35 lane konsa, lage tèt li anba yon falèz yè madi a nan moman lapolis fwontyè tap ba li tchèk nan wonpwen “Colline à Schoelcher” nan Matinik. Li mouri touswit.
Imigrasyon tap chache misye depi kèk jou paske lap viv san papye nan rejyon sa ki sou zòd Lafrans. Se te ayè vè 8tè dimaten yo te finalman mete lapat sou li.
Nan yon premye tan, li te parèt kèkal, dapre 5 fonksyonè ki te arete li yo. Men, apre, li twonpe vijilans mesye yo e li kouri al lage kò`l nan yon falèz tou pre a. Misye tonbe sou yon pakèt tòl ak wòch e li tou fè vwèl pou peyi san chapo.
Aksidan sa tèlman parèt dwòl ke enspeksyon polis nan Matinik (IGPN) oblije fè 5 ajan yo pase tèst alkòl pou konnen si se pa kèk bagay nan fè nwa ki te pase. Enspektè yo vle konnen sa ki te vrèman pase ki mennen lanmò malere ayisyen an.
Matinik : Yon ayisyen touye tèt li pou imigrasyon pa pran`l Yon Ayisyen ki gen anviwon 35 lane konsa, lage tèt li anba yon falèz yè madi a nan moman lapolis fwontyè tap ba li tchèk nan wonpwen "Colline à Schoelcher" nan Matinik.