Plis pase 2 000 moun deja kouri kite kay yo Gantye akoz vyolans Gang
Dènye atak gwoup gang ame 400 Mawozo fè sou Gantye yo pa san konsekans kote nan mwens pase 2 semèn plis pase 2 000 moun deja kouri kite lakay yo pou pwoteje lavi yo kont vyolans k ap taye banda nan zòn lan depi 21 jiyè pase. Gwoup gang ame k ap kontwole rejyon Kwadèboukè an, 400 Mawozo, deja fòse 2 121 moun kite lakay yo nan komin Gantye pou al refijye nan abri pwovizwa oubyen lakay pwòch yo,…









