Yon fiziyad nan Petyonvil kite de moun viktim
Yon fiziyad nan Petyonvil aprèmidi 4 jiyè a kite omwen de moun viktim. Premye viktim nan, yon gason, mouri toupre Oasis Hotel, epi a kèk mèt de yon patwouy lapolis. Sa montre jan sitiyasyon ensekirite a grav nan zòn nan. Dezyèm viktim nan, ki blese grav, te jwenn atak la nan antre Mòn Laza, bò legliz Lamane nan. Moun sa a yo te mennen l rapid vit nan lopital pou jwenn swen nesesè yo, nan moman…















