👉Si ou fè priyè sa like, pataje epi follow @sante.espirityel 📍Benediksyon vini sou tout fòm. Sa ki pi enpòtan, se konnen benediksyon gen pou wè sèlman ak yon final ki nan avantaj moun ki beni an. 🔥Anpil fwa wout benediksyon konn difisil, konsa tou li gendwa fèt yon fason tèlman fasil, nou ka di kote sa nou pat ka jwenn la? 🇭🇹Men konnen, lè je nou ouvri se yon benediksyon, lè nou gen sekirite, lè nou gen wout, lopital, gen jistis, respekte pwochen nou, sipòte sa ki fèb yo, renmen peyi nou, tout se benediksyon. Paske se pa tout moun ki ka renmen peyi yo. Si ou renmen peyi ou kòm kretyen, konnen se yon apèl epi ou se yon vrè kretyen. Paske majorite istwa nan Bib ki se baz nou an, pale sou kòman Bondye te konn chwazi moun pou delivre pèp yo, nasyon yo ki konn an difikilte. 🔴🇭🇹Se pou Bondye chwazi plis moun nan mitan nou pou renmen peyi nou nan aksyon men pa nan bouch sèlman. Konsa je nou ap louvri sou estrateji pou kenbe peyi lib, pou devlope epi pwospere chak jou! #santespirityèl #drtaika #levanjil #kretyen #christianhaitian #kretyenayisyen #haiti #ayiti #haitienne #haitien #ayisyen #gospelhaiti #haitianpastor #pastèayisyen https://www.instagram.com/p/CgNgrd1J4u6/?igshid=NGJjMDIxMWI=