KANAVAL TAN LONTAN NAN PEYI DAYITI TÈKS AK FOTO: MARIO DE VOLCY. Bon lekti, tout moun!!! YOYO - CARNAVAL1960. Départ DÉFILÉ ''La COMMUNE’’ Port-au-Prince, rue du Quai. Foto nou-ap gade la-a, se yon foto ki fèt lan youn nan 3 jou defile kanaval ki tap dewoule nan dat 1, 2, 3 Mas 1960, se BAND MADIGRA ki rele YOYO. Band sa-a te soti nan zòn Portail St-Joseph, mèt band nan te rele GWO RENE. Kòm nou konnen, epòk sa-a, Band sa yo se BAND A PYE yo te ye. Chak dimanch, avan 3 jou gra, sa yo rele Dimanch Egzèsis-la, yo pa soti sou CHA, e yo fè pakou ke yo vle, men fòk yo pote pakou y-ap fè-a bay la polis, pou polis-la ka bayo OTORIZASYON, e tou, pou evite kwazman BAND ak BAND yo k-ap pral sou beton –an. Chak zòn te gen BAND ni, pa ekzanp: TITATO te soti Sou Bel AiR, NIRVANA te sotI nan Portail Léogâne, YOYO menm te nan lot PÒTAY la, Portail St Joseph, espesyalman nan KORIDÒ SERÒM. Men anpil nan mizisyen ki te kon’n jwe nan Band nan, se nan diferan kote yo soti, se chak fwa gen kanaval, BAND sa yo fè akizisyon de yon seri de Mizisyen, pou jwe pou Kanaval la, e se jis apati de Compas Direct ak Cadence Rampa, BAND vin’n gen ÒKÈS pa yo, nou ka di òkes vin’n gen Band pa yo tou. Pami mizisyen, ke nou ka site, ki te jwe nan YOYO, se yon sèten : BOB ki te jwe Hélicon, BAYARD ki te Jwe Gwo BAS la, ak Hélicon tou, misye se Papa ti mesye ki te fòme Mini Jazz, ki te rele ''Super Soline’’ nan. Men si nou ap gade CHA'' YOYO’’- a byen, n-ap remake genyen 3 mesye ki kanpe devan CHA-a, e byen, se te youn nan bagay ki te fè siksè Band Yoyo – a, se 3 mesye k-ap danse devan Cha-a. Nou ka remake 3 DANSÈ sa yo ak ''UNIFORME ki diferan avèk tout lòt yo, yon sòt de ''BONNET " nan tèt yo. An-nou imajine nou pou wap gade yon Band kap vini Sou-ou ak 3 nèg k-ap danse, kap bay CHO e 3 mesye sa yo, te kon’n danse, se te dansè pwofesyonèl, yo te konn danse CHA CHA CHA anpil, gen Youn nan dansè yo ki te rele GENMS, yon lòt te rele MARTINO, ak Youn ki te rele PIERRE. Se te ORIJINALITE BAND YOYO-a, bèl cho, bèl koregrapfi. Men, Bagay mwen Konnen ki vrèman frape nou, se tout moun nan Band-nan n-ap gade ak INIFÒM, menm INIFÒM nan sou tout moun. Ala bèl bagay sa se KANAVAL!!! E map pwofite di, si Yon dyaz kounye-a la, ki di li gen FANATIK, fè-m wè tout FANATIK ou yo Mete menm INIFÒM sou yo. Men BON BAND men BAND ki RÈD!!! YOYO soti ak tout Fanatik li, lap rantre ak Fanatik li. Sonje, kanaval se koulè, ou pa ka di mwen kounye-a , STAND yo pi BÈL ke CHA yo, gen plis moun ak INIFÒM sou STAND ke Sou CHA. BREF!!! Mwen gentan ennève!!! Mario,kite sa!!! Antouka ekonomikman se te yon bagay ki te bay anpil opòtinite. Men kouman mouvman INIFÒM nan te Kon’n fèt. Yon mwa alavans fanatik yo ale nan KATYE JENERAL Band nan Pou li achte INIFÒM-nan, Pou 3 ou 5 Goud, yo bali yon fich ak tout enfòmasyon pèsonèl li ladan-l, sa vle di si se pou Ti Moun ou Granmoun, si se PITI ou GWO INIFÒM sa vle di wal ENSKRI. Se Jou dimanch premye JOU GRA, ke ou ale ak fich la, pou yo ba ou INIFÒM nan yon fason pou lòt moun pa gentan fè BOUTLEG li. Imajine gen Band ki kon’n anrejistre 10 a 15 mil enskripsyon, e tou, se chak ane BAND nan Chanje DESIGN inifòm li, wa konpran konbyen moun ki manje nan BRASAJ Kòb sa-a tou, BÒS TAYÈ, BÒS PENT pou Chapo ak So !!! An Palan de BÒS PENT, nou oblije pale de pati ki fé mal nan istwa BAND YOYO-a, se yon nonm ki te rele BÒS PENT, yon makout kriminèl ki te asasine mèt band nan GWO RENE ak yon nan ti mesye ki tap danse devan BAND nan, vedèt la, GENMS. Bòs Pent te tiye-l tou !! An nou kite pawòl sa. Li te fè anpil moun mal. An nou kontinye sou zafè INIFÒM nan. Nou wè jan sa te Bèl!!!! Gade YOYO ki Devan la COMMUNE, sa vle di se nan zòn 2 ou 3 zè ke li ye la-a, paske a 3 zè, TWAZYÈM SIRÈN nan Pral bay, fòk KÒTÈJ la derape. Nan lane 1960, men Kote nou te ye. Nou pa fè BAK non, nou KASE TÈT TOUNEN. Mwen espere yon jou nou-a pran KONSYANS, nan tout sa nap fè, pou nou mete AYITI DEVAN. Mwen pataje tout Koze sa yo avèk-nou, se paske mwen panse tout-otan nou tout konnen Istwa nou, sitou ISTWA KILTI nou ki trè bèl, n-ap kapap Avanse e Pwogrese ak LANMOU e RESPÈ !!!! VIVE HAITI!!!! VIVE le CARNAVAL HAITIEN!!! Mwen Renmen nou !!! Mario De Volcy. #mariodevolcy #carnaval