Chak lè figi'w kole nan iris mwen, Galaksi enstale nan vizyon'm. Chak lè'm pran karese'w, Mwen santi linivè nan 2 pla men'm. Chak lè'm tande vwa'w, Tout mizik esfè yo, Fè yon bèl melodi nan zòrèy mwen. Se sèlman lè'm tou prè'w, Paradi sove vin jwenn nou, Tèlman li enpasyan pou'l tann fen mond lan. @christ_writer ♤ ♤ #pwezi #pwezikreyol #fanm #renmen #haiti #ayiti #kreyol #creole #haitianpoet https://www.instagram.com/p/CSRz4cdLxXe/?utm_medium=tumblr













