rony timoté
Platfòm nasyonal sendika transpò fidèl satisfè de premye jou grèv la, sitou jan sa pase nan kapital la. Dirijan yo di yap kontinye san mank ak grèv la demen madi a.
PNSTF ki genyen yon ventèn sendika ladan`l kenbe mouvman grèv yo te lanse pou lendi 9 ak madi 10 fevriye a. Mouvman sa paralize tout aktivite nan kapital la ak kèk vil pwovens pou ka oblije gouvènman an bese pri gaz la.
Pòtpawòl platfòm nan, Pyram Sonel, deklare ke jouk koulye a, gouvènman an pa janm rele yo pou negosye ak yo. Men, yo prèt pou pase lòt vitès si gouvènman an kontinye ap kale yo vag.
Oganizasyon ki nan opozisyon an e ki te met ansanm pou voye grèv lari blanch la monte, yo menm tou di yo satisfè de sa ki pase jodia nan zòn metwopolitèn nan.
Dirijan Fopark la, Rony Timoteé, ki te blese nan manifestasyon samdi 7 fevriye a, deklare ke gouvènman an pran yon souflèt marasa, paske li pa rive kraze mouvman an malgre tout pwopagann li tap fè pou sa.
Se vre, grèv la te bloke tout Pòtoprens, men nan pwovens se te yon lòt bagay. Lavi a te dewoule kòmsi deryennetè nan vil Okap ak Okay. Men Miragwan ak Ti-Gwav te pote kole san gad dèyè ak mouvman lari blanch la.
Sendika yo di grèv pi rèd demen! Platfòm nasyonal sendika transpò fidèl satisfè de premye jou grèv la, sitou jan sa pase nan kapital la.













