Depi kèk lane, mou pa site non Petyonvil san yo pa di Muncheez. Gilbert Bailly, mèt resto sa, gen lè vle mete non pèsonèl li koulye a nan siyati Petyonvil.
Pou tout bon vre, chantè gwoup Sakaj la pral poze kandidati li pou li vin majistra Petyonvil ak “Kartel Nou ka fèl”.
Kesyon an se eske chantè a ap ka sakaje bilten vòt yo tankou chante gwoup li yo te konn fè sa sou lèzond pandan fen ane 80 yo?
Gen moun ki ka mande atis la poukisa li pran feeling nan melodie meri a. Men, m konnen chak moun gen lanmou pa li. Gen moun ki ka di “Gilbert, ou te dim ou pa tap antre nan politik.
Antouka, m espere se pa sou lòt Gilbert ap gade. Paske ka gen panik nan vil la.
Gilbert Bailly, chantè Sakaj, kandida pou majistra Petyonvil Depi kèk lane, mou pa site non Petyonvil san yo pa di Muncheez. Gilbert Bailly, mèt resto sa, gen lè vle mete non pèsonèl li koulye a nan siyati Petyonvil.











