Nan jakmel! Nap tann tout mounn ki konsène, enterese pou rebwazman Ayiti.- Jou kap 26 Jiyè 2017 nan lokal ministè lanviwonnman Sid-És, vil Jacmèl ki chita nan Lamandou #2 angle rue calabidou nap reyini ak jèn yo depi 4è rive 6zè pou yon bwase lide sou koze konbit rebwazman ak pwoteksyon lanviwonnman an pou yon pi bon Ayiti. Vini pale koze lanviwonnman, sa kap bay pwoblèm, an'n pataje lide nou pou mete fòs ak aksyon pou AYITI kapab vinn vèt demen, an'n konbat sechrès nan refè sous dlo yo, rivyè yo koule. An'n kreye pi bon lanviwonnman pou ti zwazo nou yo tounen vinn chante. An nou mete Ayiti an sante. Tel: 31598920 / 37182696 #milliontreesforhaiti #milliontreeshaiti #pyebwa #reforestation #mangrooves #haitireforestationcannotwait www.pyebwa.org FOH 2010