Repost @tafaayiti
Mwen pa menm ka jwenn mo pou m di nou MÈSI. Nou te di m nou t ap fè l, nou fè l vre… 1 MILYON VIEWS! Pa gen pi gwo prèv apresyasyon pase sa pou yon atis: Zèv li jwenn lanmou fanatik li. Nou pwouve m nou te swaf pwodui mwen, nou pwouve m nou apresye jefò mwen. Zèv nou se pa nou, nou montre m nou pare pou n mennen l trè lwen. M ap di nou: PA GEN KANPE 💃🏾💃🏾💃🏾. N ap rete nan Lakou a, n ap kontinye stream, pataje, kòmante, suiv mwen sou tout platfòm streaming yo pandan n ap pasyante pou rès travay la ki pa lwen delivre.Mèsi pou lanmou n pa janm bouke ban mwen. M renmen nou 🥰🥹🫶🏾💛💜.#tafamily #Haiti #haitianmusic #haitianculture













